Yo itilize DO AND DOES pou fè fòm entèwogatif ak negatif an anglè.
Dyalòg
A: Do you speak english?
B: Yes, i do. Well, i like it.
A: Does she cook well?
B: No, she doesn't. But, she cleans the house.
FÒM ENTÈWOGATIF AK NEGATIF
Kòm ou ka wè:
Pou fè kesyon ak do oubyen does, w'ap genyen fòmil lan, ki se: DO oubyen DOES + SIJÈ A + VÈB PRENSIPAL + KOPLEMAN OBJÈ A.
Ex: Do you speak english ?
Does she cook well ?
Pou fè negatif la, fòmil la se: SIJÈ + DO oubyen DOES + NOT + VÈB PRENSIPAL + KOPLEMAN OBJÈ A.
Ex: You do not speak english.
She does not cook well.
Pou fè negatif la, fòmil la se: SIJÈ + VÈB PRENSIPAL + KOPLEMAN OBJÈ A.
Ex: You speak english.
She cooks well.
NB: ou ka remake lan fòm afimatif la, lè w itilize sijè sa yo: HE, SHE, IT, yo mete yon S, sa rele THIRD PERSON (wazyèm pèsòn) an anglè. Gen vèb ki gen la fen yo tèminezon sa yo: S- ES-ES. W'ap ka wè plis eksplikasyon sou sa sou sit la.
REPONS KOUT AK REPONS LONG
Pou reponn, ou ka itilize REPONS KOUT(short answer) oubyen REPONS LONG (full answer),
li ka negatif oubyen afimatif.
Pou repons afimatif kout la, fòmil la se: YES, + SIJÈ + DO / DOES.
Ex: Yes, i do
Yes she does.
Pou repons afimatif long lan, fòmil la se: YES, + SIJÈ + VÈN PRENSIPAL + RÈS KONPLEMEN OBJÈ A.
Ex: Yes, i play foutbòl.
Yes, she cooks well.
Pou repons negatif kout la, fòmil la se: No, + SIJÈ + DON'T oubyen DOESN'T.
Ex: No, I don't.
No, she doesn't.
Pou repons negatif long lan, fòmil la se: NO, + SIJÈ + AN'T oubyen CANNOT. + RÈS KONPLEMEN OBJÈ A.
Ex: No, i don't play foutbòl.
No, she doesn't cook well.
Prof. Méronville Luckenson

No hay comentarios.:
Publicar un comentario