Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!:
An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid
Nòmalman, o prezan endikatif, advèb frekans yo itilize pou montre konbyen fwa ou fè yon bagay, tout advèb frekans yo itilize lan mitan fraz yo, Sa vle di lan fraz afimatif yo ant sijè ak vèb prensipal la, lan fraz entèwogatif, yo toujou apè sijè a, lan fraz negatif yo toujou aprè mot NOT devan vèb prensipal la.
Yo itilize yo aprè vèb TO BE ( am, is, are), lan fraz afimatif. Yo itilize yo apre not lan fraz negativf ak to be. Yo itilize yo aprè sijè a.
Ex: She always cook at night.
We never open the door.
He usually eats in the morning at 10 am.
I often go to school on foot.
They sometimes play in the park on sundays.
Atansyon!
2 avèb sa yo, sometimes ak usually, dèfwa ou ka itilize yo, lan komansman, lan mitan ak lan fen fraz yo:
Ex: They sometimes eat tonmtonm.
Sometimes, they eat tonmtonm.
They eat tonmtonm sometimes.
Se menm bagay ou ka fè pou usually.
Lòt bagay pou konnen anko, advèb never egal a ever men yon gen yon ti diferans:
1. Si w'ap fè fraz negative ak never, ou pa itilize lòt fòn negatif, kom ( doesn't, don't, aren't, isn't, wasn't, will not( won't), weren't elatriye).
Ex: 1) i don't never eat "diri ak lalo". 2) i never eat "diri ak lalo".
Premye fraz la pa kòrèk, paske li gen doub negasyon, sa vle di don't ak never. Men dezyèm fraz la kòrèk.
2. Never itilize lan fraz afimatif pou fè fraz negatif. Men ever itilize lan fraz entèwogatif.
Ex: I never see Robert. Do you ever go by bus?
4. Yo toujou itilize yo lan yon fraz aprè vèb TO BE ( am, is, are).
Ex: I am always at school on time.
He is often at home on sundays at 6 pm.
We are never in the meeting with them everyday.