Ok, li fasil pou fè diferans lan, chache yon ti kwen, met ti chèz ou, nou pati!!!!
1) EVER ak NEVER, la sans a, sinyifi, sa w konn fè ak sa w wè te konn fè depi w piti jiska jodi a, men yon gen kè diferan, li byen senp, m pral eksplike w.
Pi souvan yo itilize yo ak present perfect, poukisa?
Paske 2 advèb sa yo montre w yon aksyon ki te fèt oubyen pa t fèt lan pase ki konekte al prezan.
Pase defini present èrfect la se sa li vle di tout ak yo.
Ever =never ( yo sinyifi, pandan w'ap viv, depi pase jiska pandan w'ap viv la, depi w piti jiska jodi a.
Ex: Have you ever played football? = eske ou konn jwe foutbòl depi piti?
No, i have never played that. = no m pa janm jwe sa depi m piti.
Pa bliye, NEVER itilize lan fraz afimatif pou fè negatif, li toujou plase aprè vèb HAVE/HAS epi devan vèb prensipal la, ki se pa egzanp PLAY.
EVER, itilize lan fraz entèwogatif, sa vle di pou fè kseyon sou yon bagay ki pase depi piti jiska jodi a ou dwe itilize present perfect, ebyen ever toujou plase aprè HAVE oubyen HAS epi devan sijè a.
2) YET = ALREADY,
YET, sinyifi anko, sa vle di, yon bagay ke w'ap fè depi avan jiska konnye a, li plase toujou lan fen fraz la lè itilize l ak present perfect, li itilize lan fòm negatif ak entèwogatif.
Ex: Have you finished yet? Eske w deja fini?
No, i haven't finished yet. Non, m' poko fini.
ALREADY, sinyifi anko, sa vle di, yon bagay ke w' sot fenk fè jiska konnye a , plas se lan mitan fraz la, gen kèk liv ki montre w li lan fen fraz la, lmen m prefere lan mitan fraz. Li itilize lan fòm entèwogatif ak afimatif. Lan fraz entèwogatif li toujou plase apre sijè a devan vè prensipal la, lan fran negatif li toujou plase aprè have/has devan vèb prensipal la.
Ex: Have you already finished? Eske w deja fini?
Yes, i have alreay finished. Wi, mwen deja fini.
JUST, sinyifi fenk, sa vle di, yon bagay bagay ou fenk sot fè. Li itilize lan fraz afimatif.
Ex: I have just finished. M fenk fini.
Prof. Méronville Luckenson
No hay comentarios.:
Publicar un comentario