sábado, 9 de noviembre de 2024

Diferans ak sinyifikasyon vèb modalite ( MODAL VERB) ak SEMI MODAL an anglè

 


Ki sa li ye menm? ki diferans yo genyen, chache yon ti chèz, vin pran bèt.

Vèb madalite , se yon vèb ki gen anpil sinyfikasyon, sa depan de kote ak koman w'ap itilize l, vèb sa yo se: can (kab), may (petèt), might(petèt), would (t'ap, ta ka), must (dwe), should (ta), will (pral)

Ebyen, yo gen anpil ekspresyon ki gen menm sans ak yo (similar expression) ou ka itilize lan plas yo ki rele SEMI MODAL an anglè, 

pa egzanp sou kèk ladan yo, sou ta pran:

WILL  ebyen  semi modal li se (BE) GOING TO ( pou pale de yon intansyon, decision ak yon plan pou fiti)

CAN  ebyen  semi modal li se (BE) ABLE TO ( pou pale de abilite, posibilite ak pwobabilite)

MUST  ebyen  semi modal li se TO  HAVE TO ( pou pale sou sa ou dwe fè ou pa dwe fè)

 MAY oubyen MIGHT ebyen  semi modal li BE POSSIBLE TO / BE PROBABLE TO.( pou pale de posibilite ak pwobalite)

Men dèfwa yo gne ti diferans.

Ex: she will go to the park, = she is going to to the park.

       You must study hard. = You have to study hard.

Will ak going to:

MEn ti diferans yo, will itilize pou pale de yon bagay ke w gen entansyon pou pran desizyon lan fiti konnye a.

Going to: will itilize pou pale de yon bagay ke ou planifye w gen entansyon pou pran desizyon lan fiti depi avan.


Prof. Méronville Luckenson

No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...