martes, 29 de octubre de 2024

Koman yo ekri yon ide prensipal an anglè

Koman yo ekri yon ide prensipal an anglè lan bakaloreya Ayiti: 

topic sentences oubyen main idea

Topic sentences= ide prensipal

Sak topic sentences la an anglè: 

Se ise prensipal, se li k'ap pèmèt ou konn kote ou ye, konn sou kisa pou pale, se li ki pral dirije w pou konn sa pou mete ak sa pou mete lan paragraf la. se gid paragraf la. 

Fòmil li byen senp= tèm (topic) sijè a  +  ide ki pral kontwole tèm (controlling ideas) oubyen gide sijè a.

Si m' ta genyen pa egzanp yon tèm kom: haitian food, sa se tèm sijè a, se baz ide prensipal la.

Pa bliye, nou gen tèm lan, konnye a, n'ap bezwen ide ki kontwole tèm lan.

Si nou gen tèm lan: haitian food, nou ka chwazi anpil fraz kom ide ki kontwole tèm lan pou konstwi ide prensipal la. Pa bliye san ide ki kontwole tèm lan ou pa ka kontwi topic sentences lan ki se ide prensipal on paragraf. Ou ka chwazi fraz sa yo kon ide ki kontwole tèm la: 

Egzanp: 

1. There are many advantages to eat haitian food..

2. There are many disadvantages to eat haitian food.

2. I like haitian food for many reasons.

3. Haitian food is one of the best food in the world.

Nou pral retire ak konprann lan chak topic sentences sa yo oubyen ide prensipal sa yo, ( ide ki kontwole tèm lan (controlling ideas):

Ou ka wè lan premye ak dezyèm topic sentences, ide ki kontwole tèm (controlling ideas) se: there are many advantages to eat

Twazyèm lan se:  I like... for many reasons. Ak lan katriyèm lan se: is one of the best food in the world.

No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...