martes, 29 de octubre de 2024

Koman yo ekri yon paragraf an anglè.

Pou ekri yon paragraf, w'ap bezwen:

Premyèman: topic sentences oubyen main idea : ki rele ide prensipal la.

Aprè sa pa bliye ke ide prensipal toujou lan komansman paragraf la. Ou pa ekri yon paragraf san ide prensipal la (topic sentences).

Pa bliye tou, linking words yo, sa vle di mo liezon yo, k'ap pèmèt ke paragraf la gen sans ak gou.

Lòt bagay se ponktiyasyon (punctuations) yo, ki ap pèmèt ou met lòd lan sa w'ap ekri yo. 

Pa bliye anko lan fen chak paragraf ou dwe konkli ak youn ou 2 fraz pou pi piti. 

Pa egzanp:

Si nou pran youn lan topic sentences sa yo ( ide prensipal sa yo) pou nou ka fé yon paragraf:

1. There are many advantages to eat haitian food..

2. There are many disadvantages to eat haitian food.

2. I like haitian food for many reasons.

3. Haitian food is one of the best food in the world.

N'ap pran sa pou nou ka konstzwi yon paragraf: Haitian food is one of the best food in the world.

Haitian food is one of the best food in the world. First, it has the highest nutrients. It includes fresh, natural ingredients rich in vitamins and minerals. Then, we can find a high saturated fat. It uses vegetable oils and healthy cooking techniques. After that, the source of antioxidants, these ingredients such as ginger, garlic, and spices provide antioxidant benefits. Finally, don't forget to try one of the best food in the world, you will be fine.

An detay sa nou ka wè:

Premyèman: topic sentences lan ki se pati ki pli empotan lan paragraf la: Haitian food is one of the best food in the world. Ladan w'ap jwen sijpe a ak ide ki kontwole sijè a.

Dezyèm bagay w'ap jwenn se linking words yo oubyen mo lyezon yo, ki se: first,... Then, ... After that ... ak Finally,...pou ka konli ak paragraf la.


Prof. Méronville  Luckenson




No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...