lunes, 28 de octubre de 2024

Diferans ant PRESENT SIMPLE and PAST SIMPLE an anglè


Pou fè diferans ant prezan ak pase, ki rele fòm senp an anglè a, ou dwe fè diferans ant ekspresyon tan yo.

Ekspresyon tan yo, se yon bann mo k'ap pèmèt ou konnen si w o prezan ak pase. 

Pou sa nou gen 2 gwoup:

Gwoup 1:

O prezan, ou genyen

- advèb frekasn yo, ki se: always, sometimes, usually, never, often etc.

- ou gen advèb EVERY konbine ak mo sa yo: day, month, year, second, time etc. Ex: every day

- ou gen prepozisyon ON, konbune ak mo sa yo, ki se jou lan semèn lan: mondays, tuesday, fridays etc... Ex: on mondays.

Gwoup 2:

O pase, ou genyen

- yesterday.

- ou gen mo LAST konbine ak lòt mo sa yo: month, day, year, week etc. Ex: last year.

- ou gen mo AGO konbine ak mo sa yo, toujou pase aprè yo: month, day, year, week etc. Ex: two weeks ago.

Konnye diferans ou ka konprann li byen rapid.

Pa bliye si w'ap chanje o pase, fò w chnaje tan vèb la o pase lan fraz la.

Ex: I eat "rice with lalo" on sundays. 

Lè w fè chanjman o pase, l'a vin: I ate "rice with lalo" last sunday.

Sa vle di, ou ka wè, tan vèb  ak exprsyon tan chanje. 

eat chanje an ate,  on sundays chanje an last sunday.


 Prof. Méronville  Luckenson




No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...