viernes, 8 de noviembre de 2024

Diferans ant WILL, GOING TO, PRESENT PROGRESSIVE ak PRESENT SIMPLE pou fè fiti an anglè

Pou fè sa li fasil, 

Premyeman: will itilize lè ou gen yon ide ak desizyon konnye a pou fiti. Sa vle di ou pran desizyon an pou fiti pandan w'ap pale. ou fenk pran l. 

Ex: i will go to Jacmel. ( sa vle di ou fenk pran l pou fiti). 

Dezyyèman: going to itilize lè ou gen yon ide, yon plan ou pran desizyon avan momansa w'ap pale a pou fiti. Sa vle di ou pa pran desizyon an konnye a. Menm là ou di m sa konnye , m te gentan ap planifye pou al fè sa avan te wè w. 

Pa bliye fò w konbine ak vèb to be ( am, is, are). 

Ex: i am going to visit Jacmel. ( sa vle di avan m di w sa mwen te deja ap planifye l). 

twazyèm: present progressive, itilize pou fiti, lè ou gen yon bagay non sèlman li prè pou l rive men ou asire lan sa w'ap prepare a. Fòmil la byen senp: to be ( am, is, are) + vèb ( ing). 

Ex:i am drinking milk tonight. ( sa vle di mwen sur ke mwen pral fè sa lan yon ti bout tan pa two lwen. 

Katryèm lan se present simple, li itilize pou fè fiti l'a w'ap pale de yon orè fiks pou yon bagay. Yo rele l' an anglè TIMEABLE FUTURE. Men li toujou akonpanye ekspresyon tan sa yo oubyen mo sinyal sa yo: tomorrow at 3 o'clock, next sunday at 6pm.

Ex: The plane leaves at 6pm next sunday.        Anne comes next sunday at 10 am.

 Prof. Méronville Luckenson

No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...