Li byen fasil pou konprann, Pou fè sa, w'ap itilize advèb IF = SI,
Nou pral komanse ak premye a, li rele zero conditional = kondisyonèl zewo, yo itilize, l'e w'ap pale de yon bagay an jeneral ke tout moun aksepte ki vrè.
Fòmil li se: if + sijè + present simple (o prezan endikatif) + objè, sijè + present simple + objè.
Ex: if i am tired, i go to bed.
if you mix red and blue, you get purple.
Ou ka wè lan tout 2 egzanp yo gen yon fraz prensipal (cause clause) ak yon fraz ki se rezilta oubyen ki se yon konsekans (result clause).
ki sa ki clause, se yon fraz ki gen yon sijè, yon vèb, dèfwa yon objè, fòmil lan se:
Sijè + vèb + objè.
lan premye a,
If i am tired= cause; i go to be= konsekans lan. pa bliye yon konsekans ka pozitif oubyen negatif.
Lan dezyèm la, if you mix red and blue = cause; you get peuple = konsekans lan. pa bliye yon konsekans ka pozitif oubyen negatif.
First conditional = premye kondisyonèl
Yo itilize, l'e w'ap pale de yon bagay ki posib oubyen probab lan fiti.
Fòmil li se: if + sijè + present simple (o prezan endikatif) + objè, sijè + will + vèb + objè.
Ex: if i have time, i will go to the park.
If you get your passport, you will visit Canada.
Premyea vle di, li posib oubyen probab si m gen tan m pral lan pak la.
Dezyèm lan tou vle di, li posib si ou jwenn viza ou pral visite Canada.
Second conditional oubyen present conditional = dezyèm kondisyonèl
Yo itilize, l'e w'ap pale de yon bagay ki enposib o prezan, menm lè w wè vèb la o pase, sitiyasyon an pa o pase se lan prezan ou montre yon bagay li enposib. .
Fòmil li se: if + sijè + past simple (pase) + objè, sijè + would + vèb + objè.
Ex: if i had time, i would go to the park.
If you got your passport, you would visit Canada.
Premyea vle di, li enposib konnye a li pa probab si m ta gen tan m ta pral lan pak la.
Lan bon sans ¡, sa vle di, konnye a mwen pa gen tan, mwen pa ka al lan pak.
Dezyèm lan tou vle di, li enposib konnye a si ou ta jwenn viza ou ta pral visite Canada.
Li vle di lan lòt sans, konnye a ou pa gen viza, ou pa ka al vizite Canada.
Se sak fè yo rele l present conditional past menm si w wè vèb yo o pase , sitiyasyon an o prezan.
Third conditional = twazyèm kondisyonèl
Yo itilize, l'e w'ap pale de yon bagay ki enposib o prezan, menm lè w wè vèb la o pase, sitiyasyon an pa o pase se lan prezan ou montre yon bagay li enposib. .
Fòmil li se: if + sijè + past perfect + objè, sijè + would have + past particple vèb prensipal + objè.
Ex: if i had had time, i would have gone to the park.
If you had gotten your passport, you would have visited Canada.
Premye a vle di, li enposib lan pase a li pa t' probab si m te gen tan m ta pral lan pak la.
Lan bon sans, sa vle di, lan pase a mwen pa t' gen tan, mwen pa t' ka al lan pak.
Dezyèm lan tou vle di, li enposib lan pase si ou te jwenn viza ou ta pral visite Canada.
Li vle di lan lòt sans, lan pase ou pa te gen viza, ou pa te ka al vizite Canada.
Prof. Méronville Luckenson

No hay comentarios.:
Publicar un comentario