An anglè, nou gen vèb oksilyè sa yo:
Do, does, did, is, are, has, have, had
An menm tan nou gen vèb modalite sa yo oubyen vèb modalite oksilyè.
Can, could, may, might, must, should, would, ought to
Ki diferans yo genyen?
Sa w dwe konne, vèb OKSILYÈ yo itilize:
1. pou ede lòl vèb, sa vle di pou sipote yo , saw lè w'ap fè yo fraz negatif oubyen entèwogatif. Ann pran egzanp sa:
Ex: Do you like football?
Ou ka wè lan fraz entèwogatif sa, do se oksilyè ak like ki se vèb prensipal. sa vle di do ede like pou ka fè fòn entèwogatif la.
Do = oksilyè ak like= vèb prensipal.
2. pou lè wàp fè lòt tan vèb ak yo, sa vle di tan konpoze yo. Ann pran egzanp sa:
Ex: She is cooking diri ak lalo.
Ou ka wè lan fraz entèwogatif sa, is se oksilyè ak cooking ki se vèb prensipal. sa vle di is ede cooking fè tan vèb sa ki rele PRESENT PROGRESSIVE.
Sa w dwe konnen, vèb oksilyè MODALITE yo itilize:
pou ede lòl vèb, sa vle di pou sipote yo kom oksilyè tou. Men yon oksilyè modalite gen diferant sinyifikasyon, se pi gwo wòl yo sa yo genyem, sa vle di yo gen sinyifikasyon diferan sa depan koman w'ap itilize yo.
Ann pran egzanp sa yo: avèk CAN.
Ex 1: I can play football.
Ex: 2: A: Where is Anita? B: she can be in the school.
Ex: look at the sky! It can be raining tonight.
Ou ka wè lan premye egzanp, li sinyifi yon abilite ou genyen, yon bagay ou gen kapasite pou fè ak konn fè.
Lan dezyèm lan, li sinyifi yon posibilite, sa vle di li ka la li ka pa lekol la.
Lan twazyèm la, li sinyifi yon probalilite., sa vle di lapli a ka tonbe li ka pa tonbe,
Prof. Méronville Luckenson
No hay comentarios.:
Publicar un comentario