O prezan vèb TO BE a ekri konsa lan fòm afimatif: am, is, are. Sa vle di, yo di,
I am,
he, she, it (is)
You, we, they (are)
O pase li ekri konsa lan fòm afimatif:
I was,
he, she, it (was)
You, we, they (were)
Sa vle di, am chanje an was, is chanje an was ak are chanje an were o pase.
Pou fè fòm negatif la, li fasil, ou annit aplike fòmil sa:
sijè + to be ( am, is, are) + not.
O pase menm bagay la: sijè + to be ( was , were) + not.
Ex: i am not. / she is not. / you are not.
Fòm entpewogatif la ekri konsa:
To be ( am, is, are) + sijè ?
Ex: is she? / am i? are you?
Pou fè yon fraz konplè, ou dwe mete yon konplemen objè lan nenpòt fòm lan.
Ex: Entèwogatif: Are you Robert? Afimatif: I am Natacha. Negatif: They are not student.
Koman yo reponn kesyon kout ak long ak to be?
Si w'ap fè reponns kout, w'ap aplike fòmil sa:
Si reponn pa wi, l'ap: yes, + to be ( am, is, are).
Fòm long lan ap: yes, + to be ( am, is, are) + konpleman objè.
Si reponn pa npn, l'ap: no, + to be ( am, is, are ) + not.
Fòm long lan ap: yes, + to be ( am, is, are) +not + konpleman objè.
Ann pran egzanp sa:
Are you in the school?
Yes, i am.
Yes, i am in the school.
No, i am not.
No, i am not in the school.
NB: Se menm pwosesis la pou fè o pase.
No hay comentarios.:
Publicar un comentario