Pa bliye, pou fè third person, se pwonon twazyèm pèsòn segilye yo ou itilize, kom: HE, SHE, IT, e lan fen vèb yo, ou dwe mete tèminezon sa yo: S-ES-IES. Se konsa ou pral komanse idantifye yo.
Règ#1: Jeneralman, pou fè third person, ou dwe mete S lan fen vèb la:
Ex. I eat - she eats / we drink - he drinks / they open - it opens.
Men kèk ekspesyon pou respekte:
Règ#2: tout vèb ki gen tèminezon sa yo: ss - ch- sh - x, w'ap ajoute ES lan fen yo.
Ex: we watch - she watches / they finish - he finishes / you fix - it fixes.
Rég#3: tou vèb ki gen tpeminezon sa yo lan fen yo: m - r - s - w - v - z - l etc., ou dwe mete S lan fen yo.
Ex: they seem - she seems / we talk - he talks
Si yon veb tèmine an Y, ou 2 posibilite:
Posibilite 1: si Y devan yon vwayèl lan fen vèb la, w'ap mete S lan fen l.
Ex: play - plays / say - says
Posibilite 1: si Y devan yon konsòn lan fen vèb la, w'ap mete ies lan fen l.
Ex: study- studies / try - tries
Kèk vèb ki tèmine an o, w'ap mete ES
Ex: go - goes / do - does
Gen 2 vèn an anglè, third person yo, konplètman irgilye:
Ex: to be - am and are ---is
to have ---- has
sa vle di, Ex: you are. / she is
They have. / s¡he has.
Prof. Méronville Luckenson
No hay comentarios.:
Publicar un comentario