Pou fè diferans ant 2 tan sa yo, fòw konn pase w byen.
PRESENT PERFECT
Premyeman, present perfect la, sinyifi yon aksyon oubyen yon evènman ki fèt lan pase ki kontinye lan prezan, e dèfwa li gen san, li sanble kontinye lan fiti.
Fòmil li senp anpil, ki se: sijè + have / has + past participle.
Se yon vèb ki konbine li ye, sa rele compund tense an anglè. Men pou fè l, fò konn koman yo fè past participle.
Men koman ou dwe idantifye past particple a.
Par egzanp si w gen yon vèb iregilye kom:
present simple past simple past perfect
eat ate eaten
speak spoke spoken
drink drank drunk
Par egzanp si w gen yon vèb regilye kom:
present simple past simple past perfect
play played played
study studied studied
Ou ka idantifye, past participle a, an koulè vè klè pi wo a.
Si nou aplike fòmil la n'ap genyen:
sijè + have / has + past participle.
Ex: I have eaten.
She has played.
Sa vle di, ak sijè sa yo: he, she, it ou dwe itilize has, men ak lòt sijè kom: i, you, we, they ou itilize have.
Pa bliye, lan fom negatif ou annit met NOT aprè have ak has.
Lan fòm entèwogatif la ou chanje sijè a pozisyon.
Neg: sijè + have / has + not + past participle. Ex: i have not eaten. / she has not played.
Entèwo: have / has + sijè + past participle? Ex: have you eaten? has she played?
PAST SIMPLE
Dezyèman, past simple, itilize pou montre yon aksyon oubyen yon evènman ki fèt lan pase ki rete lan pase. Li pa gen anyen pou wè ak prezan ni fiti.
Fòmil li senp:
si gw gen to be ( am, is, are) li chanje an ( was, ak were) o pase.
Si wgade lan lis vèb ki pi wo yo, w'ap wè.
eat chanje an ate ak play chanje an played.
Men pou fòm negatif ak entèwogatif, ou f¡dwe itilize oksilyè DID.
Men se sèl vèb TO BE ki pa lan fòmil sa, ki se:
-entèwogatif: did +sijè + vèb prensipal `objè? Ex: did you eat rice with lalo?
-negatif: sijè + did + not + vèb prensipal `objè? Ex: they did not drink milk yesterday.
Men lan ka to be:
li pi fasil: ki se:
Afimatif: I was in the beach.
Neg: i was not in the beach.
Entèwo: Was i in the beach?
Prof. Méronville Luckenson
No hay comentarios.:
Publicar un comentario