martes, 5 de noviembre de 2024

Diferans ki genyen ant PAST SIMPLE ak PAST PROGRESSIVE la an anglè


Pou fè diferans ant 2 tan sa yo, fòw konn pase w byen. 

PAST SIMPLE

Premyèman, past simple, itilize pou montre yon aksyon oubyen yon evènman ki fèl lan pase ki rete lan pase. Li pa gen anyen pou wè ak prezan ni fiti. 

Fòmil li senp:

si gw gen to be ( am, is, are) li chanje an ( was, ak were) o pase. 
Si wgade lan lis vèb ki pi wo yo, w'ap wè. 
eat chanje an ate ak play chanje an played. 

Men pou fòm negatif ak entèwogatif, ou f¡dwe itilize oksilyè DID. 
Men se sèl vèb TO BE ki pa lan fòmil sa, ki se:
-entèwogatif: did +sijè + vèb prensipal `objè?  Ex: did you eat rice with lalo?
-negatif: sijè + did + not + vèb prensipal `objè? Ex: they did not drink milk yesterday.

Men lan ka to be:
li pi fasil: ki se:
Afimatif: I was in the beach. 
Neg: i was not in the beach. 
Entèwo:  Was i in the beach?

PAST PROGRESSIVE

Dezyèman, past pwogresif, itilize pou montre yon aksyon oubyen yon evènman ki fèt lan pase ki te kontinye lan pase. Sa vle di ki t'ap pwogrese, li rive lan yon moman byen detèmine, li fini. Li pa gen anyen pou wè ak prezan ni fiti. 

Fòmil li senp:

Se: sijè + to be ( was / were) + verb prensipal ak téminezon ING déye l. + objè.
Ex:  i                      was                       playing                                            football.
       they                were                       eating                                              rice.

Si nou ta pran yon egzanp pou nou konbine 2 tan vèb sa yo lan yon sèl fraz konsa:
Ex: i was watching tv when he arrived.
oubyen   ka di: wWhilw i watching tv, he arrived.
Se menm bagay la. sèlman advèb WHILE ki sinyifi PANDAN, souvan plis itilize ak past progrssive. Tandike, advèb tan WHEN, souvan itilize ak past simple.
fraz la sinyifi an kreyol: m t'ap gade tele, li te rive menm moman.
La, nou genyen : i was watching tv ( ki montre yo aksyon ki tap fèt ak pwogrese lan pase) 
Lòt la se: before he arrived ( ki montre yon aksyon ki te fèt lan pase, e ki fini lan pase).


Prof. Méronville  Luckenson
 



No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...