Pou fé kesyon ouvèt an anglè, fó w ka fé diferans ant mo entewogatif sa yo. Yo rele yo " QUESTIONS WORDS ( WH-WORDS) an anglè.
WHAT?= kisa?
Yo itilize what lè w'ap fè yon kesyon sou yon bagay.
Ex: What do you like? resp: I like watching football.
WHICH?=kisa?
Which se sinonim what, men yo gen yon ti diferans. Yo itilize what lè w'ap fè kesyon sou youn oubyen plizyè bagay. Men which itilize lè w'ap fè kesyon sou yon chwa ant 2 bagay.
Ex: I have two pen. One is blue. The other is red.
Kesyon an dwe poze konsa pask se sou yon chwa 2 bagay l'a fèt:
Which do you want? Resp: i want the blue one.
WHEN? = kilè
Yo itilize when lè w'ap fè yon kesyon sou nenpò ki tan: time, day (jou), month (mwa), second(segonn), etc.
Ex: When do you eat?
Rep: i eat at 6.
When does she go?
Rep: she goes tomorrow.
When will you come?
Rep: i will go tonight.
WHERE? = ki kote?
Yo itilize where lè w'ap fè yon kesyon sou yon pozisyon ak yon zòn.
Ex: Where do you live? Rep: I live in Jacmel.
Where will she go on vacation? Rep: she will go in Cap haitian.
WHOM? and WHOM? = Kilès
Yo gen men sinyifikasyon. Yo itilize tou 2 pou fè kesyon sou yon moun oubyen plizyè moun.
Men yo gen ti diferans.
Who: itilize kom sijè lan yon fraz. Whom: itilize kom objè lan yon fraz
Ex: Anne talks to Roberta.
Lan fraz sa, Anne se sijè, Roberto se objè.
Sa vle di, si w'ap fè yon kesyon sou Anne w'ap itilize who, si 'ap f`pe yon kesyon sou Roberta w'ap itilize whom.
w'ap genyen kom kesyon, pou who:
Who talks to Roberta? Rep: To Anne.
Whom does Anne talk to? Rep: to Roberta.
Prof. Méronville Luckenson

No hay comentarios.:
Publicar un comentario