jueves, 7 de noviembre de 2024

Koman yo fè diferans ant REPORTED SPEECH ak QUOTED SPEECH

 

                                                                                                           

Kisa reported ak quoted speech la ye menm?

Pran ti chèz oubyen chita sou yon tèt wòch pou pran bèt!!!!

Ebyen de bagay sa yo li trè senp pou konpran sa yo vle di an kreyol:

reported speech la se diskou endirèk, e quoted speech la se diskou dirèk.

Savle di quoted speech= diskou dirèk, reported speech = diskou endirèk

Si nou ta pran egzanp sa:

Quoted speech                                                          Reported speech

1) He said, "I eat tice with lalo".                              He said (that) he ate rice with lalo.

2) He said, "i am eating rice with lalo".                   He said (that) he was eating rice with lalo.

3) He said, "i was eating rice with lalo".                  He said (that) he was eating rice with lalo.

3) He said, i have eaten rice with lalo".                     He said (that) he had eaten wice with lalo.

4) He said, i ate rice with lalo".                                He said (that) he had eaten wice with lalo.

5)  He said, i had eaten rice with lalo".                     He said (that) he had eaten wice with lalo.

6) He said, "i was eating rice with lalo".                  He said (that) he had been eating rice with lalo.

7) He said, "i can eat  rice with lalo".                       He said (that) could eat rice with lalo.

8) He said, "i could eat rice with lalo".                    He said (that) could eat rice with lalo.

9) He said, "i will eat rice with lalo".                       He said (that) would eat rice with lalo.

10) He said, "i would eat rice with lalo".                 He said (that) would eat rice with lalo.

11) He said, "i must rice with lalo".                          He said (that) had to eat rice with lalo.

12) He said, "i may eat rice with lalo".                     He said (that) might eat rice with lalo.

Nou eskplike l pou nou ka konpran byen:

1. lan premye egzanp lan, ou ka wè ke lan quoted speech la vèb te o presan ki se  EAT, l'e w fè chanjman, li vin tounen o pase ATE lan reported speech la. Sa vle di, depi lan quoted speech la vèb la o prezan, depi REPORTING VERB  la o pase lan reported, imedyaltman vèb la ap chanje o pase lan reported speech la tou. 

Sa ki REPORTING VERB verb la, se ki entwodwi quoted speech la ki se SAID. Men dèfwa li o prezan. Si l te oprezan, pase vèb eat ki se ate, pa t'ap chanje, li t'ap rete jan l ye a. 

Ann kontinye, 

2. Lan dezyèm egzanp lan, ou ka wè ke lan quoted speech la vèb te o present progressive, ki se  AM EATING, l'e w fè chanjman, li vin tounen o past progressive  WAS EATING lan reported speech la.

3. Lan twazyèm egzanp lan, ou ka wè ke lan quoted speech la vèb te o past progressive, ki se  WAS EATING, l'e w fè chanjman, li pa chanje, li dwe rete ak menm tan past progressive la, ki se WAS EATING lan reported speech la. Ou li ka chanje an past prefect progressive kom lan egzanp 6 la. 

4. Lan katriyèm egzanp lan, ou ka wè ke lan quoted speech la vèb te o present perfect, ki se  HAVE EATEN, l'e w fè chanjman, li vin tounen o past perfect  HAD EATEN lan reported speech la.

Kisa pou fè lè w gen vèb modalite lan quoted speech la.

li fasil w'ap annit aplike fòmil sa pou tout mmodalite yo: 

vèb modalite + be + past participle vèb prensipal. 

Ex: w'ap ka wè lan can chanje an could. Lan 9 la will chanje an would. Lan 11 la, must chanje an had to, pask se pase must li ye. Lan 12 la may chanje an might.

Men lè a gen lan quoted speech la, modalite sa yo: could, would, might, had to, pa gen chanjman lan reported speech la. 


Prof. Méronville Luckenson


No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...