jueves, 7 de noviembre de 2024

koman yo fè PASSIVE VOICE ak ACTIVE VOICE an anglè.

 

Pou anpil moun, vwa aktif ak pasif la, li pa fasil an anglè, nou pral ede w konpran koman ou dwe fè l byen rapid.

Pou fè chanje de vwa aktif al pasif ou gen kèk bagay pou respekte:

1) pa gen yon vwa pasif ou pa itilize  VÈB TO BE la tout fòm;

2) SIJÈ a dwe pran plas OBJÈ a;

3) Sijè a se DOER, sa vle di sa ki fè aksyon an, OBJÈ a se RECEIVER, sa vle di ki resevwa aksyon an; 

4) ou dwe gen yon vèb askyon tranzitfi li pa ka entranzitif. 

(vèb tranzitif la gen yon objè dirèk, vèb entranzitif la pa gen objè dirèk).

5) vèb prensipal pral itilize past participle. 

6) dèfwa lè w fè chanjman, ou ka mete prepozisyon BY devan SIJÈ= DOER A.


Ann pran bazik vèb to be la tout fòm li, ki se baz vwa paisf la:

present simple: am/is/ are            past simple: was / were        past participle: been         ing form: being

Li se sèl vèb ou pa neglije ditou pou konprann pasif fòm, san li pa gen pasif. 

Konnye a, n'ap pran yon vèb prensipal kom egzanp, ki se TO EAT.

Present simple: eat/eats            past simple: ate             Past participle: eaten       ing form: eating 

Ex:

                            Aktif  fòm                                               Pasif fòm

Present simple:   Anne eats my food.                              my food is eaten by Anne.

Past simple: Anne ate my food.                                       my food was eaten by Anne.

Present progressive:   Anne is eating my food.               my food is being eaten by Anne.

Past progressive: Anne was eating my food.                   my food was being eaten by Anne.

Present perfect: Anne has eaten my food.                      my food has been eaten by Anne.

Pasr perfect:  Anne had eaten my food.                         my food had been eaten by Anne.

Ou ka wè lan fòm aktif la vèb la o prezan, ki se EATS. 

Lan fòm pasif la, vèb la o prezan tout. 

Sa vle di lè w fè chajman, sot lan aktif al lan pasif, ou gen men tan vèb la, sa vle di tan vèb la pa chanje, se sak fè yo rele fòm oubyen vwa aktif al pasif. 

Koman sa fè fèt la n egzanp anwo a, 

1) Lan premye fòm lan ki se prezan an, men koman, pwiske EATS se lan tan prezan senp, ebyen ou dwe mete IS lan plas li plis past particple menm vèb to EAT a ki se EATEN.

2) Lan dezyèm fòm lan ki se pase a, men koman, pwiske ATE o past simple, ebyen ou dwe mete WAS lan plas li plis past particple menm vèb to EAT a ki se EATEN.

3) Lan twazyèm fòm ki se prezan pwogresif li ye, men koman, pwiske IS EATING se lan tan prezan pwogresif, ebyen ou dwe mete IS BEING lan plas EATING plis past participle menm vèb to EAT a ki se EATEN.

4) 3) Lan twazyèm fòm ki se past progressive li ye, men koman, pwiske WAS EATING se lan tan prezan pwogresif, ebyen ou dwe mete WAS BEING lan plas EATING plis past participle menm vèb to EAT a ki se EATEN.

4) Lan katriyèm fòm ki se present perfect, men koman, pwiske HAS EATEN se fòm present perfect li ye, ebyen ou dwe mete BEEN lan plas HAS EATEN plis past participle menm vèb to EAT a ki se EATEN.

5) Lan katriyèm fòm ki se present perfect, men koman, pwiske HAD EATEN se fòm present perfect li ye, ebyen ou dwe mete BEEN lan plas HAD EATEN plis past participle menm vèb to EAT a ki se EATEN.

Pou Oksilye`modalite yo, men fòmil pou adopte pou yo:

OKSILYÈ + BE + PAST PARTICPLE VÈB PRENSIPAL LA. 

can                   be                      eaten 

could               be                       eaten 

will                  be                      eaten 

should             be                       eaten 

must                be                      eaten 

may                 be                      eaten 


Pa bliye depi pa gen baz vèb to be lè w'ap chanje fòm lan an pasif, li pa ka fèt.


Prof. Méronville Luckenson



No hay comentarios.:

Publicar un comentario

Koman yo itilize advèb frekans yo: always, usually, sometimes, never ak often

Koman ou dwe fè diferans yo?, nou pati!!!!: An kreyol, always= toujou, often= souvan, never= jamè, sometimes=dèfwa, usually=dabitid Nòmalman...